Rekòt lavi

Prix ​​habituel
$40.00
Prix ​​de vente
$40.00
Prix ​​habituel
Frais de port calculés à la caisse.
Size
Size: 8.5" x 11"

Gen yon bagay sakre nan relasyon peyizan ayisyen genyen ak latè. Nan jan yo plante, nan jan yo rekòlte, nan jan yo pote fwi travay yo sou do bèt, jan yo ann amoni e a lekout tout sa k gen nan la nati.

Nan desen sa a, mwen te vle envite lespri Kouzen Saka, lespri latè, travay ak rekòt. Yon prezans ki raple nou richès pa toujou sa nou sere nan pòch nou, men pafwa se sa tè a ban nou, sa men nou rive fè grandi, ak sa nou pataje ak lòt moun.

Se konsa mwen renmen imajine Kouzen Zaka. Pa sèlman kòm yon lespri, men kòm yon rapèl sou diyite travay, sou rasin nou, ak sou tout sa latè kontinye kichòy nou.